Awousa dechèpiye Leta Ayisyen!

0
2432
Si lame sitirè retounen èske sa vle di Awousa ak lòt kalib vòlè pral retounen sou moun ankò ?

“Se awousa ki rale lajan Petwokaribe a sou moun yo. Mezanmi ede yo defann tèt yo kont move je ki vle sal repitasyon yo”!!!!
Pawòl Jowèl Leyon mete sou paj fesbouk li.

Atik sa a se yon gwo ochan lonè respè Kolektif Aksyon pou Defann Anplwaye Viktim (KADAV) pou memwa kanmarad nou Altine Wilkens. Jou ki va 30 novanm lan pral fè 13 lane depi branch entèlektyèl GNB gwoup 184 la ki rele Kolektif Non te sasinen kanmarad Altine Wilkens lakay li nan Solino devan de grenn je madanm li Majori ak pitit fi l Peralta ki te gen sèlman yon lane. Youn nan pi gwo malè peyi n nan se paske menm sa k rele tèt yo zentelektyèl yo men ki se bon jan esklav mantal, pa gen okenn pwoblèm pou banalize lanmò, kòripsyon ak lòt kalib vyolans jan yo pi pito depi se pou fè patwon yo mouche Leblan Loksidan plezi.

Kanmarad Altine Wilkens te reskonsab yon ribrik nan Jounal Linyon ki te rele Sosyete Kreyòl. Fiyèt lalo yo bay pou Magali Comeau Denis an sou lòd anbasad blan meriken te vin choute tout anplwaye nan jounal la ak kout pye jou madichon ki te lendi 22 mas 2004 la. Madanm bout di san zantray la te gen ak li yon gang GNB brasa wouj tankou Lionel Trouillot, Ti Jan Lhérisson, Prince Guetcheens ak yon lòt makout parèy yo pesonn nan nou pat rive idantifye. Nan sikonstans sa a ti makout souflantchou sa  yo ki bay kè plen te krache sou nou.

Nan madi 23 mas ti brasa wouj GNB yo bay pou Lionel Trouillot a, yon zentelektyèl ki bay kè plen te vin ak yon memorandòm ki di Jounal la fèmen pou yon ti bout tan. Brasa wouj la te tou mache ak yon sele vin depoze sou pòt jounal la ak tout anplwaye yo anndan l. Sou pouvwa bout di makout GNB, entèlektyèl makout GNB gen tout pouvwa yo pou l fè krim jan l vle sou pitit mas pèp la. E, se nan voye pye sou zentèlektyèl GNB yo nan revandike dwa anplwaye yo, kanmarad Altine Wilkens pral pèdi lavi l. Apre plis pase 13 lane chak minis sinis ki fin koupe rache nan Ministè Kilti ak Kominikasyon kontinye krache sou 75 manman ak papa pitit Jounal Linyon yo.

Atik sou Awousa a

Se nan fouye nan pil papye m tonbe sou atik sou awousa a yè maten Altine Wilkens te ekri. Li te parèt nan Jounal Linyon jou ki te 4 fevriye 2004 la nan No. 1211. Jou ki te madi 14 novanm 2017 la Senatè Nòdwès la Mesye Evalyè Boplan te dwe prezante devan Sena a rapò ki bay tout detay sou ki fason gwo otorite gwo palto pran nan pouvwa Lespwa pase nan Inite pou rive sou Tèt Kale ak lòt pil endividi gwo visye tankou sa ki gen konpayi konstriksyon yo te fè anpil gagòt nan lajan Petwo Karibe a.

Konbyen jou anvan anvlòp ki gen rapò a te dekachte, yon gwo koral gwo koken gwo kokin, gwo rize gwo rizèz, gwo vòlè gwo vòlèz, gwo magouyè gwo magouyèz, gwo dechèpiyè gwo dechèpiyèz, gwo zenglendo a kostim gwo zenglenda ak kòsaj, gwo awouso gwo awousa, gwo eskanmòtè gwo eskanmòtèz tonbe chante yon chante joure sou yon rit voye pye. Jan yo akòde vwa yo a fò w ta di se yon koral inosan sèlman tankou ti Jezi nan po krab. Fason yo fè fò w ta di se Awousa ki rale kòb la sou yo san yo youn pa konnen, san yo youn pa santi sa. Alòs sa mande pou n esplike n ki sa Awousa a ye.

Kisa ki Awousa a ?

Anpil rechèh kanmarad Altine Wilkens te mennen fè n konnen mo Awousa a anpil moun itilize l pou kalifye volè tout kalib, tout plim tout plimay. Piman, koupèt pòch, visye, dwèt long siperyè, titalbè, eskanmòtè, se kèk nan anpil mo pou kalifye vòlè. Men, zenglendo a ki se pi bèl souvni jandam makout yo bay pou Prosper Avril la te lage nan fiftiwann pèp Ayisyen an nan estrateji l pou l te fè l monte tèt mòn lesyèl pa do. Menm lè nan lane 1989 nonm Avril la te lage zenglendo parèy li yo nan dengonn pèp nan katye popilè yo, pou vyole, dechèpiye, sasinen, mo Awousa a te toujou alamòd.

Pakou mo Awousa a

Mo Awousa a nan pakou l te sibi anpil chanjman nan sans li. Yon moun ki fè yon kou entelijan, ki bay yon lòt moun mato, ki fè piyay nan fon Petwo Karibe, yo ka ba l pote non Awousa. Konsa yo vòlè yon koupèt pòch, ou byen yon montèt bous ka pote non Awousa. Dayè, se li piplis moun konnen sou non sa a. Nan tout ka, se moun ki sèvi ak senp pou vòlè a ki lojikman Awousa. Kwabosal ak anba lavil Pòtprens se pi gwo temwen moun ki ta vle konn yon doplis sou sa. Ak gwo eskandal piyay ki fèt sou Fon Petwo Karibe a jounen jodi a Awousa se plis nèg ak nègès gwo palto nan Leta ak nan gwo konpayi ki ranplase ti Awousa ki te konn nan lari yo.

Awousa nan Kwabosal

Pratik Awousa nan Kwabosal pa koumanse ni ayè ni jodi. Li egziste depi sou tan Benmbo. Mou k ap monte bous gwo lajounen, lavil la te toujou chaje ak sa. Sila a yo k ap koupe pòch ou byen valiz moun, sa te toujou egziste anba lavil la. Pikèt pòch (Moun k ap pike zafè moun nan pòch yo) te toujou la. Vòlè k ap rale lajan moun ak « senp » te bade Kwabosal la. Men lajounen jodi, menm lè sa diminye anpil anba lavil la, Awousa toujou la. Kesyon Awousa a tèlman pran espas sa a fè w anvi di tout moun k pa frekante l mele nan sa tou.

Sa k pi mal la se moun nan popilasyon an ki nan zafè pa bon ki pral peye konbyen milya dola gwo zouzoun a kostim yo vòlè.

Yon moun konn fin pèdi bous li ou byen afè li lavil la, san bat je li al nan Kafeterya ki te sou Gran Ri a. Epi, nan kèk minit sèjan degad la fè l jwenn bous la. « Eps !! kiyès nan nou ki te pase nan zòn bò Sen Jozèf ? « Mwen pat travay la kòmandan, mande Josma ». Josma w te pran yon bous bò Sen Jozèf maten an a 8 è ? « Chèf la se yon nèg ki te ak yon dyakout sou do l ? Enben men li se mwen ki te pran l ». Konsa, sa montre anpil ti jandam te nan gwo konbin ak Awousa yo ki te konn ap travay pou yo. Awousa te toujou pi gwo danje pou moun k ap frekante anba lavil la. Moun k ap pase nan zòn sa a yo dwe toujou pote pòch yo ak valiz yo wo. Paske yo pral an afè ak anpil kalib Awousa.

Koupèt pòch la

Koupèt pòch la se moun k ap koupe pòch moun pran bous sou yo. Yo konn rele mous sa a yo pikèt bous tou. Lajan ou byen bous nan pòch dèyè sitou sa pa rete. Se lave Awousa koupèt pòch lave moun anba lavil la. Gen de fwa yo konn menm koupe po moun nan nan fè jèfò pou koupe pòch li ak jilèt bouyi. Anpil fwa sa konn fèt san viktim nan pa menm santi aksyon an. Jounen jodi ak koze zenglendo a ki vin ap vale teren, aktivite Awousa diminye anpil anpil. Men sa pa vle di li pa la an katimini. Tout sa se pou di w pa manke montèt bous nan Kwabosal la toujou.

Sila a yo ki sèvi ak senp

Anpil nan Awousa a yo konn sèvi ak «senp » si moun vle konpran lojik sa a. Senp pou yo ka rale lajan, bijou, (chenn, goumèt, bag, mont elatriye) se ak sa Awousa yo sèvi anpil defwa. Yon moun konn soti ak lajan sou li epi li rantre ak pòch li vid lè l ap retounen lakay li. « Mwen fin achte lè m foure men nan pòch mwen pou m peye mwen pa wè lajan an. Mwen foure men nan pòch mwen, anyen menm ». Se konsa moun ki konn viktim Awousa a yo pale. Sa konn fè divès moun konn rantre san chenn, goumèt, bag lò ou byen lajan yo tou. Poutan yo te soti ak yo. « Yon mesye ki kanpe ap pale ak mwen nan ri Dèseza. Li di m yon bagay mwen pat ka konprann. Apre li detache chèn mwen, goumèt mwen epi li pran bag ki te nan dwèt mwen li ale. M pa fouti konprann kouman sa fè fèt ». Se reyaksyon yon moun ki viktim.

Nan anpil lòt ka se move bijou yo vann pou twonpe moun nan lari a. Yon bag, yon chèn, yon mont, yon goumèt yo ofri w pou lò konn pa sa reyèlman vre. Konbyen moun ki pèdi lajan yo nan achte bijou pou piyay ? Konsa ki konn pa ni lò ni ajan jan yo te konprann nan. Tout se trik Awousa pou twonpe moun. Men, malgre tout bagay sa a yo, zenglendo jal pèpè kakit yo bay pou Avril la te lage nan dengonn Ayisyen nan lane 1989 pou dèchèpiye moun ak zam, kouto, katchapika pap janm gen parèy nan kalte krim yo komèt sou popilasyon an.

Mwens Awousa plis Zenglendo

Amezi Awousa ap disparèt nan zòn estratejik yo, se otan zenglendo pitit Avril yo ap parèt. Nan de zòn tankou ri Nèf, Pòtay Sen Jozèf, te bade ak moun k ap rale kòb sou moun. Jounen jodi a se plis zenglendo k ap fè e defè nan zòn sa a yo. Sa ka rive anpil nan Awousa sa a yo swa fè vwèl pou peyi san chapo oswa yo dwe fin granmoun. Se sa ki esplike se yon lòt jenerasyon jal Avril te kreye ki rele zenglendo ak zenglenda ki vin pran larelèv. Zenglendo, anpil fwa se jandam bandi yo bay pou Prosper Avril te bay dwa pou yo opere ak tout kalite zam kote yo rantre ka moun dechèpiye yo.

Epi tou, yo konn rantre kay moun vyole fanm tou bat moun si yo pa jwenn anpil kòb. Se lè nonm Avril la te di ti jandam li yo. « Nou gen gwo zam nan men nou se pou nou demele nou sèvi avèk yo pou n jwenn kòb pou nou manje ». Se sa ki fè defen lame, eskanmòtè ak zenglendo se marasa. Awousa yo te opere nan zòn ki gen anpil aktivite komès. Se pat zam ki te fòs  yo men taktik ak maji. Èske se premye fwa n tande y ap di moun sa a gen pwen Awousa ? Antouka, pwen kay Ougan ou pa, Awousa ki te an vòg nan zòn lane 80 yo ap fin disparèt.

E apre ?

Gen yon epòk, fenomèn Awousa a t ap domine anpil kote lavil la. Mache Salomon, mache Ipolit, Mache an Fè te bade ak Awousa. Sa w pap rive konprann anpil nan machann yo te swa konplis ou byen te Awousa tou. Sa te rann aktivite move zafè sa a plis anrasinen toujou nan sosyete a. Disparisyon anpil nan gwo Awousa sa a yo te vin chanje sitiyasyon an. Anpil machann ki te konn depann de aktivite sa a yo te vin an bès. Se sa ki esplike gwo limena jodi konn vin tonbe an degraba demen san zatann.

E, lè machann Awousa a yo te konn vin tonbe sou dèyè sitiyasyon yo te vin konplike anpil anpil. Pesonn pa dwe bliye se disparisyon lame a nan lane 1995 ki fè zafè Awousa a vin an bès anpil. Anpil jandam ki te konn fè kò ak Awousa pou te dechèpiye moun. Sa esplike tou Awousa yo te vin an bès. Sa fè n sonje bèl ti pwovèb Kreyòl sa a ki di : « Si pat gen gwo gwo sitirè pa t ap menm gen yon grenn ti vòlè ». Men, jounen jodi a gen yon lame maskarad ki vin rekanpe. Eske sa vle di wousa pral vin kale kò yo sou moun ankò ? Si lame sitirè retounen èske sa vle di Awousa ak lòt kalib vòlè pral retounen sou moun ankò ??? An n tann !!!

Lòt kalib Awousa

Ankèt sou fason kòb Petwo Karibe te depanse, se pi bèl okazyon pou montre aklè kou klèwòz kouman anpil nan gwo dirijan Lespwa, Inite ak Tèt Kale yo mare sosis yo ak lòt matchòpwèl yo nan plizyè antrepriz prive pou te fin dechèpiye Leta. Piblikasyon rapò a mete tout kaka chat deyò epi fè tout moun wè kouman mesyedam Awousa ak kostim sa a yo dechèpiyè sa a yo gen je chèch. Yo pi mal pase ti Awousa ki te konn nan mache Kwabosal yo paske se tout peyi a yo fè mal nan aksyon malonèt dwèt long siperyè eskanmòtè sa a yo.

Sa k pi mal la se moun nan popilasyon an ki nan zafè pa bon ki pral peye konbyen milya dola gwo zouzoun a kostim yo vòlè. Nou ka di jounen jodi a Awousa pa nan mache anba lavil la ankò men nan biwo Leta ak nan antrepriz prive yo. Sa k pi grav la gen anpil blan Awousa tou. W ap jwenn Awousa a bib nan legliz yo, Awousa a kostim nan òganizasyon entènasyonal yo. Dènye kalib Awousa a se blan je vèt. Lè n sonje kouman nonm Bil Klintonn nan ki te eskanmòte lajan CIRH la ki te la pou bay Ayiti kout men apre zougoudou te fin dapatcha peyi a 12 janvye 2010 la.

LEAVE A REPLY

Please enter your comment!
Please enter your name here